transfome la vi'w

5 ETAP

POU LANSE YON

BIZNIS ENPRESYON

klike anba pou'w ka gade video a!

Kiyès Nou Ye

Sanfil Print se yon biznis enpresyon pwofesyonèl ki gen misyon pou ede moun, òganizasyon, ak biznis pou fè vizyon yo vin reyalite atravè design ak abiman pèsonalize. Nou kwè chak lide gen yon valè, epi ak bon ekipman ak bon konesans, nenpòt moun ka lanse pwòp mak pa yo. Depi plis pase 3 ane, nou ap sèvi kominote a avèk pasyon, kreyativite, ak onètete. Nou travay ak lekòl, legliz, restoran, gwoup evènman, ekip espò, ak anpil lòt moun ki bezwen bon jan kalite pwodwi.
Nan chak pwojè, nou chèche pote satisfaksyon kliyan, bon jan kalite travay, ak livrezon.

Sanfil Print se plis pase yon biznis — se yon kominote kreyatif kote nou pataje konesans, fòme nouvo antreprenè, epi bati opòtinite pou jenerasyon kap vini yo.
Se menm vizyon sa ki mennen nou lanse Masterclass Sanfil Print la, pou ede lòt moun aprann kijan pou yo kòmanse pwòp biznis enpresyon yo nan 5 etap sèlman

Sanfil Print

💡 3 Rezon Poukisa Ou Dwe Patisipe nan Klas Enpresyon Sanfil Print la

Ou ap aprann Etap Pa Etap Kijan Pou Kòmanse Biznis Ou
Nan premye pati a, w ap aprann tout etap yo klè — depi kijan pou chwazi non biznis ou, jwenn ekipman, rive nan kòman pou fè premye kòb ou. Nou esplike chak etap fasil, ak egzanp pratik pou ede w konprann rapid.

Ou Antre Nan Yon Gwoup Sipò Espesyal
Tout moun ki enskri nan klas la vin manm yon gwoup eksklizif Sanfil Print, kote nou pataje “tips”, enfòmasyon, nouvo opòtinite, ak tout kredi ak rabè ki disponib pandan tout semèn nan. Gwoup sa a ap ede w kenbe motivasyon e kontinye aprann menm apre klas la fini.

Ou Resevwa Aksè ak Yon Sit Entènèt + Bonis Espesyal
Apre ou fin patisipe, w ap gen chans jwenn modèl sitwèb ak enfòmasyon sou pri ekipman ak founisè, ansanm ak lòt bonis ki ap ede w lanse pi vit. Nou vle asire w pa sèlman aprann, men ou soti ak zouti pou w reyisi.

Chwazi plan ki bon pou ou an.

Klas Enpresyon

$

  • Ou Ap aprann Etap Pa Etap Kijan Pou Kòmanse Biznis Ou.

  • Ou ap Antre Nan Yon Gwoup Sipò Espesyal enpresyon

  • W'ap tou Resevwa Yon Sit Entènèt + Anpil lot Bonis Espesyal

1 on 1

$

  • Nap fè tout bagay sa yo pou ou, e nap tout fè'w jwenn 10 premye kliyan

  • Ou Aprann Etap Pa Etap Kijan Pou Kòmanse Biznis Ou.

  • Ou ap Antre Nan Yon Gwoup Sipò Espesyal enpresyon

  • W'ap tou Resevwa Yon Sit Entènèt + Anpil lot Bonis Espesyal

© Copyright Sanfil Print 2025. All rights reserved.